Poukisa yon ayisyen al SENDOMENG? (Tout moun kap vin RD dwe li mesaj sa a anvan yo vini)

Ing. Dave Jeffrey Augustin

Not enpotan: Chak ayisyen kit a vle vin nan peyi Repiblik Dominikèn tad we li atik sa anvan lip ran desizyon final la.. Se yon konsèy men se pa yon obligasyon

Pandan anpil lane, sitwayen ayisyen yo nan kouri kite peyi a pou ale aletranje, men anpil nan yo rive kote ki pi pre yo ak pi fasil la ki se LADOMINIKANI. Anpil nan yo, rive nan peyi sa a swa paske yo te resevwa yon kontra pou vin travay nan koupe kann (bagay ki te konn fèt souvan nan peryòd 1929 yo) swa paske yo vin chache lavi miyò nan travay nan konstriksyon, nan restoran, travay ka madanm, fè komès nan lari oswa pou vin chache pen lenstriksyon an nan lekol klasik oswa nan inivesite.

Tout moun ki ap viv deyo peyi a konnen lakay pi bon epi mo sa a LAKAY SE LAKAY toujou nan bouch yo, men chak fwa pou yo deside antre lakay yo, gwo deblozaj mare komkwa neg ki anba a yo pa janm vle sak deyo yo antre pou yo pa vin retire manje nan bouch yo.

Nan denye jou sa a yo, anpil depotasyon ap fet nan tout peyi pou voye ayisyen tounen lakay yo epi la a nan LADOMINIKANI, bagay yo pi red.

NAN KA DOMINIKEN KI GEN PARAN AYISYEN YO

AltaKounye a,  dominiken ki te fèt depi nan lane 1929 pou jounen jodi a sou prensip IUS SOLIS la ki te gen paran ayisyen , pa ka jwi nasyonalite yo antanke dominikenn paske lalwa retirel nan men yo akoz de yon desizyon ki te pran nan TC jou ki te 23 septanm 2013. Akoz de desizyon sa a, plis pase 300 mil dominiken ki te gen paran yo ayisyen depi 4 jenerasyon pap ka fe anyen ak non li te genyen an paske li pa pou anko legalman. Kidonk, tout vi moun sa a yo, tout etid, tout karyè yo, tout lajan yo gen nan bank pa pral itil yo anyen ankò. Kidonk, daprè leta dominiken an, moun sa a yo ta dwe rantre al viv Ayiti.

NAN KA TRAVAYÈ KONSTRIKSYON YO MENM AK LÒT YO

Pou plis anko, imigrasyon dominiken fè revoke depi se ayisyen ki tap travay swa nan konstriksyon, swa nan rezidans familyal yo, swa nan maket, swa nan otèl, nan restoran ak elatriye paske li oblije pou tout ayisyen kap travay genyen yon rezidans ki koute plis pase 30.000 pesos (US$ 800 anviwon) epi pou yo pase plis pase 5 mwa  pa janm baw li Osinon yon pèmi travay ki mansyone nan plan regilarizasyon imigran an yo men ki pa janm komanse menm. Yo mache nan lari pou pran tout ayisyen ki nan lari kap vann epi sila yo tou ki pa gen paspò ak viza legal yo nan men yo. Sa ki terib la se paske imigrayson ak ministè travay dominiken siyen yon akò ki pemet ajan imigasyon yo antre nan etablisman prive yo pou al pran ayisyen kap travay yo epi li soumet met travay la amand ki soti nan 50.000 pesos (US$ 1250) pou chak imigran ki pa gen rezidans li genyen lakay li. Kidonk bagay sa a fe tout biznis ap revoke tout ayisyen ki gen paspo ak viza kap travay nan teritwa a.

E POU ETIDYAN AN YO MENM?

Pou etidyan ki te gentan nan inivèsite deja nan peyi a, yap gen pou yo al fè yon kat imigrasyon ki pral pèmèt yo sikile nan peyi a. Kat sa ap koute 9500 peso (US$ 240). Men se pa sa selman ki pwoblem nan, se paske pou ou gen kat sa a ou dwe genyen yon GARANTI EKONOMIK ke paran ou dwe voye pou ou ki demontre ke ou gen mwayen pou peye etid la.  Pou etidyan an kap fek antre nan inivesite yo, li mande yo pou genyen yon lane ki koute (US$ 225) pou ou ka enskri nan inivesite a, apre sa li oblijew pou ou fè depans nan regle papye pou ou ka mande viza etidyan ke ou dwe ale Ayiti ankò pou ou al metel kap koutew (US$ 150) , epi pou ou genyen yon kat imigrasyon pou 9500 peso (US$ 240). apre sa chak ane pou ou renouvel viza etidyan an ak kat imigrasyon an kap koute ou anviwon (US$ 200). Depi ou pa fe sa wap tj gen pwoblem ak imigrasyon menm le ou nan inivesite a epi ou pap ka enskri nan lot sesyon an..

KISA SA A VLE DI?

Sa a vle di kounye a, le yon moun ap kouri soti Ayiti vini nan sendomeng se pi mal wap vin pi mal paske ou pap ka menm travay, ou pap ka al vann nan lari pase yap kouri dèyè ou. Yon moun ki deside vin chache lavi miyò epi se SENDOMENG ou vini, ou pa nan ayen ki bon paske wap vin viv pi mal epi ak anpil strès nan kow. Tanpri, tout sila yo ki vle vin isit pou yo fe nen pot travay nan tè panyol, analize tout pwoblem sila yo pou nou ka pran desizyon an byen.

Pou etidyan yo menm, apre nou fin pedi tan nou regle bagay nou, nou pral toujou nan pwoblem ak imigrasyon paske nou pral genyen poun toujou ap bay kob epi mete sou diskriminasyon ki egziste anndan inivesite yo ak nan peyi a.

POU TOUT AYISYEN

Nou menm ki li mesaj sa a, ki konnen kounye a koman sitiyasyon an ye pa bo isit oswa ki te viv yon tan nan tè panyòl TANPRI FÈ MESAJ SA A PASE, PATAJEL, EMPRIMEL, PIBLIYEL epi fè tout moun ki anvi vini Sendomeng jwenn li anvan li pran desizyon an. PA KITE PYÈS MOUN KOMÈT YON ÈRÈ SAN LI PAT AVETI..
REPIBLIK DOMINIKEN PA YON REFIJ POU AYISYEN, MEN PITO LI SE YON LANFÈ.

 

Dave Jeffrey Augustin.

augdav@hotmail.com

@DaveJAugustin

Advertisements

About avokapepla

AVOKA PÈP LA se yon inisyativ yon gwoup jèn etidyan ki deside pataje yon kote kap pemet yo di sa yo santi. Li pa gen mèt kidonk li mèt tèt li.. Tout komantè ak sijesyon enpòtan paske nou tout se AVOKA PÈP LA

Posted on 27 October 2013, in Info Etidyan and tagged , , , , , , . Bookmark the permalink. 17 Comments.

  1. Mesi pou enfomasyon sa. Men pou etidyan yo, zafe gen kat imigrasyon an, li fenk vote?

  2. korije fot yo nan tit atik la souple pou moun ka pran’l plis o serye.

  3. Atik sa a se gouvenman an ki ta dwe li l pou fe kanpay sansibilizasyon men nou konnen yo pap fe anyen kont politik etranj sa yo paske sa pa nan agenda yo, yo pa bay ayisyen nan lot peyi regle anyen pou yo, Ki peyi non monn sa ap siyen kontra esklavaj sitwayen li avek lot eta? Ki peyi nan monn ap vann pwop sitwayen pal avek swadizan kontra pou al fe zot rich? Yo te toujou o kouran pwoblem yo nan batey yo, epi yo pa fe anyen pou fe moun sa yo rantre nan peyi yo, yo kontinye aop siyen kontra esklavaj pou ranpli poch yo ( Stenio Vincent, Duvalier etc…), Gouvenman ayisyen pat janm defann entere pep, Daye apre masak 1937 sou fwontye a, yo prefere pran lajan reparasyon o lye yo pwoteste avek fos kont krim sa yo, depi le sa nou pedi ”souverainete”, dirijan nasyonalis isit menm di ayiti se yon eta ”Fictif” sa vle di ki pa egziste, donc yo ka fe nou sa yo vle avek nou. si yon visa teknikman koute 90 dola, yo fe’w peye 200 dola paske yo vle,nou toujou nan ”naje pou soti”,si gouvenman nou te preokipe pou sitiyasyon pep la, m pa kwe moun t’ap bezwen janbe fwontye pou vinn isit la. Men ayisyen ki pi pov yo pap bay sa enpotans, yo prefere moun imilye yo tanke yo rete fe komes ayiti, sa se reyalite peyi a. Li le li tan pou n gen yo gouvenman kanson fe an ayiti pou defann entere peyi sa a paske dirijan lot nasyon vle fe sa yo vle avek sitwayen nou nan peyi pa yo, si yon visa teknikman koute 90 dola, yo fe’w peye 200 dola paske yo vle. Gouvenman ayisyen dwe pran bagay sa yo anserye pou ekilibre relasyon ant de peyi sa yo paske sitiyasyon nap vin pi mal chak jou.

  4. you are right,fok kanpay la lanse! mwen volontye wi mwen!

  5. Ki kote peyi m ye?
    Pou frè m ak sè yo ka viv nan peyi Dominiken

    Ki kote peyi m ye?
    Mwen ta renmen konnen?
    genlè se nan chan kann yo
    kote kòd lonbrit mwen antere.

    Ki kote peyi m ye?
    Mwen ta renmen konnen?
    genlè se lotbò fontyè
    nan peyi Ayiti Toma.

    Ki kote peyi m ye?
    Mwen ta renmen konnen?
    manman m sèmante m se Dominikèn,
    lalwa Dominiken di se pase map pase.

    Ki kote peyi m ye?
    Mwen ta renmen konnen?
    genlè se nan peyi Dominikèn.
    kote yo trete m tankou zannimo.

    Ki kote peyi m ye?
    Mwen ta renmen konnen?
    ©marc@marcregis.com

  6. Fre m wa excuse m wi, m apresye travay ou vle fe a min 90% nan sa ou di yo laaa se pa vre, si se konsa li te ye vre 90% etudiant tap gentan tounen Haiti fre m.

  7. Mesye Augustin!
    Sa se yon bon atik, m se yon nan moun ki afèkte ak santans TC, pliske mwen se pitit ayisyen ki fèt nan tè a, mwen etieye la, mwen genyen pitit mwen yo la (3 nan sa yo ki nan foto a ak mayo ble yo se pitit mwen), tout lavin se la li ye, mwen vizite plizyè peyi men mwen toujou dominiken, bon jodi a yo pwan la lwa, yo pwan kontitisyon an yo pase l anba pie, yo pwan tout presip legal yo yo pase yo anba pie, tout akò nou te siye ak oganism entenasyonal yo pase anba pie, pou yo ka di m pap dominiken ankò. Gen moun ki di si yo pa vle yo se pou yo vin lakay, se yon bon antansyon sa ye, men m ta remen fè sonje nan lanne 91 pitit ayisyen ki te reve retounen ayiti yo pap men rive 50mil, epi nou wè sa ki te rive, imajinye nou plis ke 300mil san konte paranyo ta retounen nan ayiti, ki sa ki ta vin pase? majorite pa pale kreryol, yo pa pale fransè, yo pa jan te rantre ayiti, men pi rèt tou jou genyen pa men konnnen nan ki zòn papa yo oubyen manman yo te soti, yo pa konnen non paran yo, etzetera.
    Nap kontinye lit la jousten nou rete denye ti souf la, men sa nou remen se pou ayiti konpran sityasyon ann jan ou montre l la; 1- gen yon sityasyon ak ayisyen kap viv nan Dominikani a, epi 2- gen yon sityasyon ak dominiken orijin ayisyenyo ke se pa menn bagay. Paske Unyon Nasyonalisla se sa lap cheche pou tout moun konfon se men bagay epi se pa sa vwe.

    • Mr. Lico Agustin
      Nou remesye ou pou bèl apò sa a ou fè sou sijè. Nou tout nou regret sitiyasyon sa a epi nap lite ansanm pou pwoblem sa a ka rezoud byen vit.
      Tout kominote a rekonet ke se dwa nou pou nou revandike nasyonalite a paske se nan tè sa a nou te fet epi nou te rekonet legalman. Kidonk, nou pap janm konfonn li. Se pou rezon sa a nou pale de dominiken ki gen paran ayisyen..
      Nou tout ap ofri nou kolaborasyon ap eneji poun leve kont gouvenman an poul respekte ako li te siyen epi kanpe sou mechanste sa a yap fe a..
      Anpil kouraj epi nap toujou goumen..

  8. Sak dwe fet.C pou nou jwen yu alternativ pou Dominiken sa yo jwen dwa yo.Pou etidian yo,c pou yo fe yu groupement etidian aytien solidaire pou yo chita ak Rekteur universite yo.Professeur universite nan kapital ak Santiago ap boykotte etidian yo,bayo test ki pi fort ke program yo.Etidian yo paka fait moyenn ekzige ya.C yu fason pou yo chase etidian yo apres 3 ans yo la e depense lajan pou kay,manje et universite et etidian yo pa ka kenbe indis ekzije pou yo al nan class siperiere,ki donk yap oblije out,perdi kariere yo,et yo sabote tout avenir etidian sa yo kap deyor fin ane iniversitaire ya.Sa yo pa bon,Ce sitou etidian nan medecinn yo atake konsa nan iniversite katolik yo nan Saint domingue kapital ak PUCMM nan Santiago.Men anpil chay pa lou.Rete solidaire pou nou jwenn yu portt d sorti.kouraj.

  9. Se fot pa leta ayisyen paske yo pap panse pou pep ayisyen an

  10. fanmim yo mwen li atik la mwen konprann ni byen, mwen komprann lidea, men an reyalite saw di yo preske tout se manti, mwen te st doming, c la mwen fe etid inivesitem, kounyea mwen retounen lakay mwen, tout saw di la yo te la deja, imigrasyon pat janm vle ou rete nan peyia san papye, pou viza etidyan, lot peyi yo depi avan ou ale ou dwe gen viza etidyan epi c pa gratis ou peye pou li ( canada, eta zini) pa gen yon peyi kap kitew travay ak yon viza touris. repiblik dominikenn granmounn lakay li li mete lwa ki nan avantaj li nou pa gen anyen pounn we nan sa, epi ce pa selman pou ayisyen yo egzije rezidans la men ce pou tout etrange, pouki sa nou estomake, lidea kounyea sispan koupe tet brile kay lakay nou, vinn haiti, vinn travay ansam nan lapaix, ann sispann bay timounn lekol gaz lagrimogen, ann sispann voyel ale avan manda, ann mete tet ansam epi nap we sen doming ap invite nou vini lakay la, le saa nou va fe still sou yo, si nou chita kay blan ap voye monte nou fek kare imilye

    MWEN CE YON AYISYAN KI TAP VIV DEYO KI RETOUNEN POU EDE PEYIL

    • moin rinmin aproch ou a min moin ta rinmin konnin kiles ki bay manti nan ka sa a,si se ou min m ou moun ki ekri l la

    • Kamarad, ou ale nan menm sans ak atik la san ou pa konnen. Se pwoblem sa ayisyen genyen wi. Lide pou nou kreye divizyon ak demanti a telman gran li pa pemet nou pale sa ki korek. Lide ou fe pase a se fe tout ayisyen konnen ke yo dwe antre lakay yo, epi se sa atik la ap mande tou wi. LIDE A SE MOTIVE AK KONSEYE PEP LA POU YO PA CHWAZI RD POU VIN TRAVAY AK ETIDYE.. Mesi paske mwen wew konprann atik la

  11. Negación de Derecho
    Soy Heredero de mi Padre
    Heredero de todos sus males de su
    Pobreza y su falta de papeles y todos sus estatutos legal.

    Heredero de su Barranca, su machete y su Hambre, más no herede los derechos generado por el tiempo.

    No herede su pensión, ni su prestaciones laborales, no me beneficie de la contratación que fue legal y estatal.

    Me han negado mis papeles me limitan crecimientos, me condenan como ilegal en la tierra que me vio nacer.

    Complicidad de la junta, de los tribunales y la suprema de los legisladores malvados y hasta la iglesia y el presidente.

    Lico Enrique Agustin
    “El poeta que no sabe de letras”
    Agosto 2011

  12. Bonkisa pou nou fe ,selman bondye kikadi yon mo. Paske pep ayiti pabon ,yopapanse ,men kounyea ,menkisa yo mete soupye voye prezidan ale ,leprezidan an ale ,semal yap pimal trete pep la,nou hen yon pep kipapanse,yo di yo panse manti ,tout depouvwa,kipeyi outande ,prezidan pep ap voye ale

  13. Mwen panse le kew ale anbasad la yo ta sipoze baw tout enfomas9on sa yo- bon yo pa diw anyen map toujou lage moum nan zen si se konsa

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Google+ photo

You are commenting using your Google+ account. Log Out /  Change )

Twitter picture

You are commenting using your Twitter account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s

%d bloggers like this: