AH1N1 travèse fontyè RD epi rive Ayiti.. 5 ka konfime pa MSPP

RD h1n1

Aprè anpil analiz sou 5 ka ki te prezante nan zon Ansapit (Tou prè pwovens Pedernales RD), minis MAPP a Dr. Florence Guillaume deklare ke ke AH1N1 BEL E BYEN PREZAN SOU TERITWA AYISYEN NAN VIL ANSAPIT KI TOU PRE PEDERNALES.

Yon sitiyasyon ki mete tout asyisyen nan dout paske pou kalte pwoblem ki genyen nan peyi a epi pou RD fè nou kado youn ankò.

Daprè minis la, gentan gen anpil mezi ki te deja ak pran epi kounye a yo pral miltipliye yo yon fason pou evite plis moun viktim ak maladi sa a. gen gwo kontwol kap bay nan ayopò yo, nan dwann api sitou nan fwontyè yo pou pa gen pi gwo domaj ki fèt. Anplis kanpay la pral intansifye anndan peyi a pou pèp la ka konnen kisa AH1N1 an ye.

Minis la fè konnen ke ENTEDIKSYON AN PRAL LEVE LOT SEMEN NAN.

Reprezantan OPS/OMS nan peyi Dayiti, Dr Jean Luc Poncelet, felisite minis MSPP a pou desizyon an epi li fè konnen ke jan de mezi sa a efikas anpil e yo pa koute anpil kòb.

Redaksyon: Dave Jeffrey Augustin (@DaveJAugustin)

Source: Le nouvelliste

About avokapepla

AVOKA PÈP LA se yon inisyativ yon gwoup jèn etidyan ki deside pataje yon kote kap pemet yo di sa yo santi. Li pa gen mèt kidonk li mèt tèt li.. Tout komantè ak sijesyon enpòtan paske nou tout se AVOKA PÈP LA

Posted on 15 June 2013, in Info Etidyan, RD-Haiti and tagged , . Bookmark the permalink. Leave a comment.

Leave a comment